Mèsi Jezi pou tout sa Ou fè pou mwen
Mèsi pou lanmou Ou ban mwen
Mwen pa merite l, men Ou ban m li
Mèsi Jezi, mèsi
Refren:
Ou delivre m, Ou sove m
Ou geri m, Ou benni m
Mwen ka chante pou Ou
Mwen ka danse pou Ou
Paske Ou bon, paske Ou fidèl
Chak jou Ou montre m nouvo favè
Chak jou Ou benni lavi m
Mwen vle di mèsi, mwen vle bay lwanj
Pou tout sa Ou fè pou mwen
(Refren x2)