VERSE 1
Ou konnen mwen
Jan pèsòn pa konnen mwen
Ou aksepte m janm ye a, Lord
Ou pran m byen lwen
Nan labou W retire mwen
Toujou la pou mwen
Lè m bezwen on zepòl pou m apiye
Yon refij pou mwen kache
Yon zanmi pou mwen pale
Ou la (Ou la)
Lè m bezwen on papa pou pwoteje m
Yon gran frè pou konseye m
Tout ti detay nan vi m, Ou la
Ou toujou la
PRE-CHORUS
Toupatou kote m met pye m
Sou montay yo
Nan plèn, nan vale
Lè mwen bloke
Lè lavi mwen menase
Referans mwen se Jezi, Jezi
CHORUS
Ou konnen mwen
Jan pèsòn pa konnen mwen (W aksepte m)
Ou aksepte m jan m ye a (jan m ye a)
Ou pran m byen lwen (Ou soti lwen avè m)
Nan labou, Ou retire mwen
Ou toujou la pou mwen
Lè m bezwen on zepòl pou m apiye (i-ye)
Yon refij pou mwen kache
Yon zanmi pou mwen pale
Ou la, (Ou la)
Lè m bezwen on papa pou pwoteje m (lè m bezwen on papa, Ou la)
Yon gran frè pou konseye m (lè m bezwen gran frè, Ou la)
Tout ti detay nan vi m, Ou la (ye-eh-eh-eh)
Ou toujou la
BRIDGE
Toupatou kote m met pye m
Sou montay yo
Nan plèn, nan vale
Lè mwen bloke
Lè lavi mwen menase
Referans mwen se Jezi, Jezi
VERSE 2
Ou konn tout sekrè m
Tou kòm tout sa m pa ka di
Nan tout zeprèv mwen yo
(Ou toujou la)
Lè pèsòn pa wè mwen
Lè konba yo twòp pou mwen
Nan tout zeprèv mwen yo
Ou toujou la
Ou toujou la
REPRISE
Toupatou kote m met pye m
Sou montay yo
Nan plèn nan vale
Lè mwen bloke
Lè lavi mwen menase
Referans mwen se Jezi, Jezi
OUTRO
Ou toujou la
Toupatou kote m met pye m
Sou montay yo
Nan plèn, nan vale
Lè mwen bloke (lè mwen bloke)
Lè lavi mwen menase